Search engine for discovering works of Art, research articles, and books related to Art and Culture
ShareThis
Javascript must be enabled to continue!

Estanda grafi kreyòl Ayiti: Pwopozisyon

View through CrossRef
Rezime Pa genyen estanda nasyonal jeneral pou òtograf kreyòl ayisyen (KA). Depi ofisyalizasyon alfabè 1980 an, anpil lengwis kontinye travay sou grafi lang lan. Yo pibliye pwopozisyon solid sou kesyon sa a, san yo pa rive jwenn konsansis. Ak teyori lineyaris la (Gourdet 2021), nou analize pifò nan pwopozisyon ki tounen toutan sou sèn syantifik la. Sa mande doub efò pedagojik pou montre ki jan nouvo fòmalis la ki pa sèvi ak kategori leksikal, itilize konsèp lengwistik fonksyonèl pou trete tematik òtograf premye nimewo revi Rechèch Etid Kreyòl la, e ki jan li pèmèt degaje eleman konsansis ki gen chans sèvi fondasyon nòm-estanda grafi KA a. Nou jwenn pou rezilta : (a) konfimasyon solidite alfabè 1980 an kòm fonnman òtograf fonemik KA a ; (b) konsta nesesite reyini yon gwoup lwa idantite fonolojik (LIF) ki chapante òtograf KA a sou fòm didaktik senp elèv lekòl, tradiktè, editè liv ak tout eskriptè ka mobilize pou teste si yon mo-teren byen fòme, oswa yon mo-vini byen kreyolize. Men poutèt nou konnen jij final òtograf kòrèk mo se yon diksyonè referans ki akonpaye aprantisaj lekti ak ekriti, nou degaje fòma yonn ki pou pote presizyon ak konfyans sou òtograf, siyifikasyon, itilizasyon epi òtofoni mo, menm jan ak tout diksyonè lang, men san kategori leksikal, avèk yon alfabè fonksyonèl analitik. Vizyon lineyaris la entegre òtograf nan yon sistèm grafi twa lòt konpozant konplete : yon sousistèm transkripsyon son, yon sousistèm senbòl ki pa alfabetik, yon ekriti analitik pou metrize sentaks lang lan epi make siyifikasyon ak anbigwite enonse. Mo kle : alfabè, nòm-estanda, òtofoni, òtograf, teyori lineyaris.
Title: Estanda grafi kreyòl Ayiti: Pwopozisyon
Description:
Rezime Pa genyen estanda nasyonal jeneral pou òtograf kreyòl ayisyen (KA).
Depi ofisyalizasyon alfabè 1980 an, anpil lengwis kontinye travay sou grafi lang lan.
Yo pibliye pwopozisyon solid sou kesyon sa a, san yo pa rive jwenn konsansis.
Ak teyori lineyaris la (Gourdet 2021), nou analize pifò nan pwopozisyon ki tounen toutan sou sèn syantifik la.
Sa mande doub efò pedagojik pou montre ki jan nouvo fòmalis la ki pa sèvi ak kategori leksikal, itilize konsèp lengwistik fonksyonèl pou trete tematik òtograf premye nimewo revi Rechèch Etid Kreyòl la, e ki jan li pèmèt degaje eleman konsansis ki gen chans sèvi fondasyon nòm-estanda grafi KA a.
Nou jwenn pou rezilta : (a) konfimasyon solidite alfabè 1980 an kòm fonnman òtograf fonemik KA a ; (b) konsta nesesite reyini yon gwoup lwa idantite fonolojik (LIF) ki chapante òtograf KA a sou fòm didaktik senp elèv lekòl, tradiktè, editè liv ak tout eskriptè ka mobilize pou teste si yon mo-teren byen fòme, oswa yon mo-vini byen kreyolize.
Men poutèt nou konnen jij final òtograf kòrèk mo se yon diksyonè referans ki akonpaye aprantisaj lekti ak ekriti, nou degaje fòma yonn ki pou pote presizyon ak konfyans sou òtograf, siyifikasyon, itilizasyon epi òtofoni mo, menm jan ak tout diksyonè lang, men san kategori leksikal, avèk yon alfabè fonksyonèl analitik.
Vizyon lineyaris la entegre òtograf nan yon sistèm grafi twa lòt konpozant konplete : yon sousistèm transkripsyon son, yon sousistèm senbòl ki pa alfabetik, yon ekriti analitik pou metrize sentaks lang lan epi make siyifikasyon ak anbigwite enonse.
Mo kle : alfabè, nòm-estanda, òtofoni, òtograf, teyori lineyaris.

Related Results

Li ak Ekri an Kréyol / Kréyol Literacy: Yon Responsablite Pésonél / A Personal Responsibility
Li ak Ekri an Kréyol / Kréyol Literacy: Yon Responsablite Pésonél / A Personal Responsibility
Rezime: Represyon lengwistik se yon zak ki danjere paske li dekouraje itilizasyon lang yon nasyon, sa ki anpeche pwodiksyon konesans. Yon aktivis k ap travay ak silvikiltè nan Papa...
Kreyòl Gade, Kreyòl Konprann: A Multilingual Catalog of Haitian Cinema
Kreyòl Gade, Kreyòl Konprann: A Multilingual Catalog of Haitian Cinema
Abstract: Haitian cinema is a growing industry that has produced several award-winning films in recent years. However, the unavailability of clear and straightforward information l...
RESSIGNIFICAÇÕES DE ANACAONA NA LITERATURA INFANTOJUVENIL HAITIANA:
RESSIGNIFICAÇÕES DE ANACAONA NA LITERATURA INFANTOJUVENIL HAITIANA:
Neste artigo, pretendemos demonstrar que, apesar de não figurar nos anais da história tradicional como personagem feminina resiliente, a atuação de Anacaona – cacica taína da ilha ...
Architectures of Relation: An Inclusive Approach to Studying Kreyòl Architecture in Haiti
Architectures of Relation: An Inclusive Approach to Studying Kreyòl Architecture in Haiti
Abstract: Beginning from a grounded definition of architecture as a relational activity of imagining, planning, and making, this essay introduces the framework of "Kreyòl architect...
Vibrations of Love: A Correspondence Between Three Haitian Women
Vibrations of Love: A Correspondence Between Three Haitian Women
Abstract: This collection of letters offers a profound exploration of Black queer love, desire, and friendship, set against a backdrop of creole-ism and the reclamation of joy. Pre...
Festi Kreyòl: un encuentro intercultural haitiano-rosarino como experiencia pedagógica insurgente
Festi Kreyòl: un encuentro intercultural haitiano-rosarino como experiencia pedagógica insurgente
Desde un proyecto de extensión universitaria realizado junto con la comunidad haitiana en la ciudad de Rosario (Argentina) se han organizado tres festivales (2021, 2022 y 2023) den...
Haitian Daughters of Memory: Queer Storytelling in Miami
Haitian Daughters of Memory: Queer Storytelling in Miami
Abstract: Give Them Their Flowers: An Exhibit of Black LGBTQ+ Miami History is a visual storytelling project to commemorate and preserve the legacy of Black queer Miamians. Curated...

Back to Top